Seleksyon nasyonal ayisyèn lan frennen seri viktwa Sendomeng lan nan Ligue Des Nations CONCACAF la. Nan match ki te mete 2 peyi vwazen yo fas pou fas, Grenadye yo gen rezon ak yon viktwa 4-1 sou dominiken yo.
Nan kad 3èm match seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan Ligue Des Nations CONCACAF la, Grenadye yo te deplase lakay Sendomeng pou twoke kòn ak yo sou pwòp teritwa yo. Grenadye yo ki te motive anpil pou match sa a toupizi peyi vwazen an 4-1.
Sendomeng ki te sou yon seri 2 match nan Ligue des Nations an san konnen defèt, finalman pran gou premye defèt yo nan konpetisyon an. Depi nan kòmansman rankont lan Ayiti te gentan pran kontwòl match la lè li te make nan 9èm minit match la ak yon bèl sant Ruben Providence te sèvi Deedson devan bouch kan an.
Mitan match la te fini nan avantaj Grenadye yo malgre Wilson Isidor te rate penal nan match la. Nan dezyèm mitan an Grenadye yo t ap pral kontinye ofansiv la sou ekip advès la ak yon dezyèm gòl nan 51èm minit. Atakan Sunderland lan ta pral make sou yon koufran Carl Fred Sainté te choute ki te al rebondi nan ba transvèsal la epi ki te vin jwenn tèt Isidor.
Nan 58èm minit sou yon erè defansif Sendomeng pral redwi eskò a gras ak Dorny Romero. Sa ki ta pral leve plim sou do Grenadye yo ki refoule yo ak yon twazyèm gòl nan 67èm minit sou pye Wilson Isidor ankò ki make yon double nan match la.
Pou fini ak sa Yassine Fortuné ta pral kloure dènye grenn klou a sou yon pas Ruben Providence. Nan match sa Ruben Providence bay 2 pas gòl.
Viktwa sa mete grenadye yo ak 9 pwen sou 9 posib.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou