AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

David Badia reyisi antre l nan tèt seleksyon nasyonal la

imaj atik la

25 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1092

Antrenè espanyòl 52 lane a David Badia byen demare chapit li ak seleksyon nasyonal la. Jèn antrenè espanyòl la fè yon premye viktwa pou premye match li nan tèt Grenadye yo.


Nan kad premye jounen Ligue des Nations nan zòn CONCACAF la, jodi 24 septanm 2026 lan se te jou premye batèm antrenè espanyòl la David Badia nan tèt seleksyon nasyonal la.

Pou te demare chapit sa espanyòl la te gen randevou fas Trinidad ak Tobago nan peyi Jamayik. Ak yon sistèm 4-3-3 David Badia te demare premye match li nan tèt seleksyon nasyonal la.

Nouvo antrenè a vini ak yon sistèm kote Ayiti te kontwole pousantaj balon an sòti depi nan premye minit yo jiska dènye minit match la. Grenadye yo fini match la ak 69% posesyon balon an.

Nan sistèm Badia a ekip la elabore balon an anpil epi yo pa neglije fè sant yo. Malgre yo te genyen pousantaj balon an sa pa t anpeche ekip Trinidad la fè 11 chout nan kan an pami yo 5 kadre.

Kanta pou grenadye yo, yo fè 21 chout gen sèlman 8 ki kadre. Youn nan konsta nou ka fè nan match la se chanjman yo. Antrenè a te kòmanse fè chanjman byen bonè nan match la depi nan 58èm minit.

Ayiti genyen match la 3-2, yon viktwa ki ede ekip Badia a kenbe konfyans nan taktik antrenè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )