AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

De nouvo Grenadye nan ekip fanm Ayiti an

imaj atik la Kredi Foto: @Océane Toussaint Dit Marseille IG

6 Avril 2026   Jacky Chery   1265

Federasyon ayisyèn foutbòl pibliye jodi lendi an lis 24 jwez ki konvoke pou 2 pwochen match Grenadye yo ap gen pou jwe pandan mwa avril la nan kad eliminatwa CONCACAF pou Mondyal 2027 lan.


Jan sa t ap sikile nan nouvèl dènye jou sa yo, Océane Toussaint Dit Marseille ansanm avèk Brittany Raphino jwenn konvokasyon ofisyèl pou reprezante Ayiti sou sèn entènasyonal la. De nouvo Grenadye yo dwe rejwenn rasanbleman ekip nasyonal la nan lakou Gwadloup.

Atakan Sporting Club Lisbonne lan, Brittany Raphino, ansanm avèk Gadyèn Paris Saint-Germain an, Océane Toussaint, se 2 ranfò ekip lan benefisye pou rasanbleman sa kote ekip nasyonal la ap gen pou jwe kont Angiya ak Repiblik dominikèn nan dat 9 ak 17 avril k ap vini la.

Sou direksyon Pia Sundhage, de jwez sa yo pral kapab fè premye zam yo avèk seleksyon ayisyèn lan ki nan yon dinamik pou ranfòse chak jou pi plis nan lide pou kapab pèfoman nan wo nivo an.

Océane Toussaint, 22 lane, se dezyèm gadyèn PSG dèyè Mary Heaps ki se yon lejann nan pòs sa. Se te egalman ansyèn jwez ekip jèn Lafrans yo jiska lane 2024 nan U21. Pou Brittany Raphino, 25 lane, se yon jwez ki fèt nan peyi Etazini e ki te evolye pandan yon moman nan foutbòl inivèsite a nan peyi Etazini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )