Antrenè espanyòl la David Badia pase dezyèm tès li nan tèt seleksyon nasyonal la. Yon tès ki fini ak yon siksè 2-0 sou Kostarika.
Espanyòl 52 lane a ap mete anprent li nan tèt Grenadye yo. Pou yon dezyèm match nan Ligue des Nations CONCACAF la, David Badia sòti ak yon bèl viktwa malgre ekip la montre yon lòt vizaj parapò ak premye match la.
Antrenè espanyòl la te montre yon nivo taktik avanse lè li deplase Carl Fred Sainthé ki se yon mitan tèren defansif li titilarize l kòm yon defansè santral nan plas Hannes Delcroix ki te blese nan match kont Trinidad la.
Fas Kostarika, Grenadye yo pa t twò montre yon foutbòl posesyon sa ki diferans ak premye match la men yo te plis montre yon foutbòl translasyon kote anpil balon te pase sou bò zèl yo. Antrenè a te mete yon filozofi diferan de premye match la.
Match sa fini 2-0 nan avantaj jwè David Badia yo ki fè yon dezyèm viktwa youn kole ak lòt pou dezyèm match li nan tèt Grenadye yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou