AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Duckens Nazon ap selebre anivèsè li, yon lejann vivan nan foutbòl ayisyen an

imaj atik la

7 avril 2026   Steve Pierre   1353

Jodi a make anivèsè pi gwo non foutbòl ayisyen an nan jenerasyon modèn lan, Duckens Nazon. Atakan an, ki fèt 7 avril 1994, kontinye make listwa ak pèfòmans li yo anba koulè seleksyon nasyonal la, kote li konsidere kòm pi bon jwè depi epòk Emmanuel “Manno” Sanon.


Depi premye seleksyon li ak Ayiti 5 mas 2014, Duckens Nazon pa janm sispann enpoze tèt li kòm yon poto mitan nan ekip la. Avèk 44 gòl deja sou non li, li se dezyèm meyè bitè nan listwa seleksyon an, sèlman dèyè Manno Sanon. Li rete sèlman 3 gòl pou li rive egalize rekò lòt lejann sa a.

Youn nan moman ki make karyè li rete san dout pèfòmans tèt chaje sa jou ki te 10 septanm 2018 la, pandan premye jounen eliminatwa Gold Cup 2019 yo. Nan yon viktwa istorik (13-0) kont Sint Maarten, Nazon te reyalize yon eksplwa inik lè li make 5 gòl nan menm match la, yon rekò pèsonn pa janm rive fè nan listwa seleksyon ayisyèn nan.

Pou pi resan la, 9 septanm 2025 ki sot pase a, atakan an te ankò fè pale de li sou sèn entènasyonal la. Nan yon match kalifikasyon pou Koup Dimond 2026 kont Kostarika, li te siyen yon triple enpòtan nan yon match nil (3-3). Yon pèfòmans ki te gen anpil pwa nan kalifikasyon Ayiti pou gran konpetisyon Mondyal la.

Plis pase estatistik yo, Duckens Nazon se yon senbòl angajman ak lanmou pou drapo a. Yon jwè ki toujou bay tout fòs li sou teren an, ki jwe ak kè li, ki pote seleksyon an sou zepòl li nan moman difisil tankou nan moman glwa yo.

Nan jou espesyal sa a, tout je rete sou li pandan li ap kontinye kouri dèyè listwa, ak objektif pou li antre definitivman nan lejann foutbòl ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )