AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Kameni kòmanse fè enpak li sou gadyen Grenadye yo

imaj atik la

27 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1265

Carlos Kameni ki se ansyen gadyen Malaga ak Espanyol de Barcelone se nouvo antrenè gadyen seleksyon nasyonal la. Ansyen gadyen an ki te gen yon karyè ekzanplè kòmanse montre anpwent li vizib sou gadyen ayisyen an.


Pou 2 premye match David Badia nan tèt seleksyon nasyonal la yo te fè konfyans ak Alexandre Pierre anba kam Grenadye yo. Si nan match kont Trinidad la gadyen Sochaux a te pran 2 gòl fas Tikòs yo, Grenadye a kenbe kaj li pwòp san li pa pran gòl.

Nan match sa, ekip Kostarika a te fè 21 frap nan kan Ayiti a, pami yo gadyen an fè 7 arè. Nan chak balon, matirite Alexandre te parèt vizib avèk yon kalm ki te ekstrawòdinè. Bon vijilans jèn gadyen an ede Ayiti sòti tèt wo devan Tikos yo nan yon match kote Tikos yo te rive nan kare Grenadye yo anpil.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )