AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Keeto Thermoncy rejwenn Grenadye yo pou dènye liy dwat Ligue des Nations an

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

28 Septanm 2026   Jacky Chéry   1012

Keeto Thermoncy pral rejwenn seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan Repiblik Dominikèn, kote Grenadye yo ap prepare pwochen match yo nan Ligue des Nations CONCACAF la.


Jèn defansè a, k ap evolye nan peyi Laswis, fè pati gwoup 26 Grenadye ki te reprezante Ayiti nan dènye Koup Dimond lan. Menm si li pa t jwenn opòtinite pou antre sou tèren an pandan konpetisyon an, Thermoncy rete youn nan opsyon defansif ekip nasyonal la.

Thermoncy ki vin an ap pote yon ranfòsman pou defans ekip nasyonal la ki te manke kèk eleman nan dènye jou yo, prensipalman avèk blesi Hannes Delcroix ki rate dènye match Grenadye yo. Defansè Stade Nyonnais an pral kapab mete talan li a dispozisyon David Badia pou de dènye match ekip nasyonal la kont Repiblik Dominikèn ak Kostarika.

Thermoncy pral rejwenn gwoup la ansanm ak Miguel Joseph, ki ranplase Woodensky Pierre. Ayiti ak Repiblik Dominikèn gen 6 pwen yo chak anvan konfwontasyon ki pwograme jedi premye oktòb la.

Aprè match sa, Grenadye yo ap fini kanpay Ligue des Nations an dimanch 4 oktòb k ap vini la kont Kostarika nan vil Sann Wose. Pandan tan sa, ekip la reprann antrènman jodi lendi a ak yon sesyon fizik nan maten, anvan travay teknik ak taktik sou tèren an nan aprèmidi, daprè Federasyon Ayisyèn Foutbòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )