Kredi Foto: @Primature
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, remèt de (2) chèk 264 milyon goud yo chak bay Komite nòmalizasyon Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) la, nan yon seremoni ofisyèl ki te fèt nan Villa d’Accueil. Se yon jès Leta ayisyen ki make listwa, ak yon total 528 milyon goud pou sipòte seleksyon nasyonal la.
Premye chèk la vize rekonpanse kalifikasyon istorik Grenadye yo nan Mondyal 2026 la, yon gwo reyalizasyon pou Ayiti ki pa t rive patisipe nan konpetisyon sa a depi plis pase 52 lane. Dezyèm chèk la pral sèvi pou prepare ekip la pou gwo randevou Mondyal sa a, ak objektif pou mete jwè yo nan pi bon kondisyon pou reprezante peyi a ak diyite.
Nan diskou li, chèf gouvènman an mete aksan sou reyalite difisil peyi a ap travèse, pandan li souliye enpòtans foutbòl kòm yon zouti inite. Li deklare : « Grenadye yo reprezante nanm yon pèp, diyite li ak fyète li ki pa janm febli ». Li fè konnen foutbòl pa sèlman yon espò, men li se yon fòs ki kapab rasanble tout Ayisyen.
Nan yon kontèks ki make pa ensekirite ak difikilte ekonomik, Premye minis la ensiste sou kapasite rezilyans pèp ayisyen an. Li lanse yon apèl pou tout fòs viv nan peyi a ak nan dyaspora a mete tèt ansanm pou pote rèv sa a pi lwen.
Pou pèmèt tout sitwayen swiv match yo, gouvènman an anonse li pral enstale gwo ekran nan plizyè gwo vil, epi mete televizyon disponib nan zòn ki pi rekile yo. Inisyativ sa a vize fè Koup Dimond 2026 la tounen yon moman rasanbleman nasyonal kote tout Ayisyen ka viv emosyon an ansanm.
Avèk sipò san parèy sa, Ayiti pral antre nan avanti Mondyal sa a ak yon anbisyon klè : fè Mondyal 2026 la pa sèlman yon vitrin espòtif, men tou yon sous fyète ak espwa pou tout nasyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou