Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Selon rimè ki t ap sikile nan plizyè medya lokal depi mwa pase a, FHF te sou wout pou ranplase Sébastien Migné nan tèt ekip nasyonal la. Men, jodi 8 novanm nan, sou kont Facebook ofisyèl Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, piblik la jwenn yon gwo klarifikasyon endirèk : nan lis konvokasyon pou de pwochen match yo, non Sébastien Migné toujou parèt kòm responsab teknik seleksyon an.
Piblikasyon lis la vini nan yon moman kote anpil fanatik te kwè chanjman nan direksyon teknik la te dwe fèt, espesyalman apore defèt 3-0 Ayiti te sibi nan Tegucigalpa kont Onndiras. Pandan plizyè sous te fè konnen FHF te antre an kontak ak antrenè kolonbyen Juan Carlos Osorio ak José Luis Pinto, lis ofisyèl la montre Migné toujou an plas, epi se li ki pral dirije Grenadye yo nan de (2) gwo rankont ki pwograme pou 13 ak 18 novanm kont Kostarika ak Nikaragwa.
Nan opinyon piblik la, kesyon sou nivo Migné rete ouvè. Anpil fanatik ak obsèvatè foutbòl pa t kache dout sou kapasite li pou pote yon direksyon solid. Genyen ki menm te wè li plis sanble ak yon preparatè fizik pase ak yon taktisyen. Men, jiska prezan, FHF pa janm pibliye okenn deklarasyon ofisyèl sou posiblite chanjman an, dènye kominikasyon sou lis jwè yo konfime li toujou chèf teknik ekip la.
Kounye a, atansyon an vire sou de match enpòtan yo nan mitan mwa novanm nan, de rankont k ap gen anpil pwa pou kontinye rèv Ayiti nan eliminatwa Mondyal 2026 la. Rete pou wè si seleksyonè fransè a ap rive reponn ak presyon an epi reviv konfyans ki diminye nan mitan sipòtè yo.
Pou moman an, verite a senp : malgre rimè ak diskisyon, Sébastien Migné ap toujou sou ban Ayiti pou pwochen misyon Grenadye yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou