Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon ayisyèn fanm nan deja konnen premye advèsè li pou Chanpyona fanm CONCACAF 2026 la. Grenadyè yo pral rankontre Meksik nan faz kadefinal konpetisyon an, daprè tablo ofisyèl CONCACAF la ki sòti jodi madi an aprè mizajou klasman FIFA fanm 21 avril la.
Konpetisyon an ap dewoule sòti 27 novanm pou rive 5 desanm 2026 nan Texas, Etazini. Match kadefinal, demifinal yo ansanm ak match baraj yo ap jwe nan Texas Health Mansfield Stadium lan, tandiske match pou twazyèm plas la ak final la ap fèt nan Shell Energy Stadium lan, nan Houston.
Ayiti, ki klase sizyèm pami uit ekip ki kalifye yo, ap gen pou l fè fas ak youn nan pi gwo nasyon nan rejyon an ki se Meksik, twazyèm ekip ki pi byen klase nan tounwa a. Menmsi Meksik parèt kòm favori sou papye, Grenadyè yo ap gen yon bon opòtinite pou montre pwogrè yo kont youn nan pi bon seleksyon fanm nan zòn nan.
Rankont sa a ap gen anpil enpòtans pou avni entènasyonal seleksyon ayisyèn nan. Si Ayiti rive bat Meksik, sa ap ba li yon plas dirèk pou Koup Dimond fanm 2027 la ki pral fèt nan peyi Brezil. Menm si yo ta pèdi, Grenadyè yo ap toujou gen yon lòt chans pou kalifye atravè match baraj ki prevwa pou ekip ki elimine nan kadefinal yo.
Anplis kalifikasyon pou Koup Dimond lan, konpetisyon an ap bay tou tikè pou Jwèt Olenmpik Los Angeles 2028 yo. De ekip ki rive an final yo ansanm ak ekip ki fini twazyèm lan ap jwenn kalifikasyon yo, sa ki bay konpetisyon an plis valè toujou pou tout ekip k ap patisipe yo.
Chanpyona fanm CONCACAF 2026 la ap reyini uit pi bon seleksyon fanm nan rejyon an: Etazini, Kanada, Meksik, Jamayik, Kosta Rika, Ayiti, Panama ak Salvadò. Lòt match kadefinal yo ap mete Etazini kont Salvadò, Kanada kont Panama, epi Jamayik fas Kosta Rika.
Match ant Ayiti ak Meksik la ap jwe samdi 28 novanm 2026. CONCACAF ap anonse lè ofisyèl match la nan yon lòt kominikasyon y ap gen pou fè. Men depi kounya, seleksyon ayisyèn lan konnen li gen devan l youn nan pi gwo defi li yo, ak espwa pou franchi yon nouvo etap enpòtan nan listwa li sou sèn entènasyonal lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou