AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Wilson Isidor nouvo chouchou seleksyon nasyonal la

imaj atik la

24 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1699

Atakan Sunderland lan Wilson Isidor anvayi kè fanatik seleksyon nasyonal ayisyèn lan. Isidor konfime l kòm yon poto mitan nan atak Grenadye yo.


Seleksyon Grenadye a sòti ak yon viktwa pou premye match li nan Ligue des Nations gwoup A a. Match sila ki te fèt nan peyi Jamayik kote se Ayiti ki t ap resevwa al genyen difisilman ekip trinidadyèn lan 3-2 gras ak yon gwo pèfòmans Wilson Isidor.

Atakan grenadye a vini chèf òkès atak seleksyon nasyonal la pandan Duckens Nazon ak Frantzdy Pierrot an bès. Nan match sa atakan Sunderland lan make yon gòl epi delivre 2 pas gòl nan match la.

Pou te jwenn ouvèti eskò a Grenadye yo te konte sou yon bèl sant an louch Isidor te fè ki ta pral fini ak yon bèl kout tèt Fafà Picault ki te rann gadyen an san reyaksyon nan 23èm minit match la. Nan 31èm minit mat h la Trinidad ta pral egalize gras ak W. Frederick.

Nan 59èm minit menm Frederick ki te make gòl egalizasyon Trinidad la pral bay yon pas gòl nan match la. Fwa sa se L. Garcia ki ta pral make malgre grenadye yo t ap pouse, men yo ta pral egalize jis nan 90+1 minit gras ak yon sant Wilson Isidor epi Garven Metusala ta pral make.

Nan tout fen match la pou kourone bèl pèfòmans atakan Grenadye a, Wilson Isidor rive tranble filè nan fen match la pou bay Ayiti viktwa 3-2 sou Trinidad.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )