Gadyen klèb fransè Sochaux a Alexandre Pierre kontinye ap konfime bon konpetans li anba kan grenadye yo. Sou 3 match li fè 3 viktwa ak anpil bèl arè.
Seleksyon nasyonal la ap konnen yon bèl seri nan Ligue des Nations CONCACAF la. Sou 3 match, Grenadye yo soti ak 3 viktwa. Pandan grenadye yo ap bay bèl pèfòmans, Alexandre Pierre se youn nan asirans Grenadye yo nan konpetisyon an.
Si nan premye match la Alexandre te parèt yon ti kras manke konfyans men nan 2 dènye match yo, gadyen an montre yon bèl pwogresyon nan jwèt li. Nan 2 dènye match yo pi piti nòt Sofa ba li se 7.8.
Nan 2 rankont yo li fè yon total 13 arè. Nan match kont Kostarika a li te fè 7 epi nan match kont Sendomeng lan li fè 6. Nan 2 match sa yo li pran sèlman yon grenn gòl. Pou kounya nan konpetisyon an Ayiti pran sèlman 3 gòl aprè 3 match.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou