Yon seri imaj ki montre yon nouvo mayo wouj pou seleksyon nasyonal Brezil lan te fè gwo vag sou rezo sosyal yo. Anpil moun te panse se nouvo mayo ofisyèl Brezil pou Mondyal 2026 lan. Men CBF (Konfederasyon Foutbòl Brezil la) pale sou li ak yon nòt ofisyèl.
Depi kèk jou, rezo sosyal yo t ap boule ak imaj ki montre yon mayo wouj ki ta sipoze se nouvo mayo ekip nasyonal Brezil lan pou Mondyal 2026 la. Se te yon bagay ki te fè tout moun sezi, paske Brezil toujou konn mete jòn lakay li, ak ble kòm mayo vizitè.
Gen plizyè medya entènasyonal tankou Footy Headlines ki te rapòte kote Jordan Brand, yon branch Nike, ta ap travay sou nouvo mayo sa a. Daprè rimè yo, chwa koulè wouj la te ka gen rapò ak dezi CBF pou wete mayo jòn lan nan politik, sitou depi lè li te vin tounen yon senbòl pou patizan ansyen prezidan Jair Bolsonaro.
Men anpil fanatik pa t dakò. Gen moun ki te wè sa tankou se manke dega ak respè pou tradisyon foutbòl Brezil la, pandan gen lòt ki te panse se yon bon jès pou mete distans ak divizyon politik.
Men jodi a, CBF mete tout bagay nan plas li. Nan yon nòt ofisyèl, yo deklare:
"Konfederasyon Brezil la ap fè tout moun konnen imaj ki parèt sou rezo yo kòm si se nouvo mayo ekip nasyonal la pou Mondyal 2026, pa ofisyèl. Ni CBF ni Nike pa pibliye okenn detay sou nouvo mayo a jiskaprezan. CBF konfime tout nouvo koleksyon mayo ap fèt an akò ak Nike, jan sa toujou fèt."
Kidonk, pou kounye a, tout imaj ki sikile sou entènèt yo se senp spekilasyon. Seleksyon Brezil la poko gen okenn mayo ofisyèl pou Mondyal 2026. Fanatik yo ka rete tann CBF ak Nike pou yo prezante vrè mayo a, tankou jan tradisyon an mande.
Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou