Federasyon Foutbòl Brezil la (CBF) nonmen jodi lendi 12 me 2025 la, Italyen an Carlo Ancelotti kòm nouvo antrenè Seleção a. Malgre anpil moun panse se premye etranje ki vin dirije Brezil, listwa montre gen lòt ki te deja fè sa, men nan kondisyon espesyal.
Nonmen Carlo Ancelotti nan tèt seleksyon nasyonal Brezil la se yon nouvèl ki souke tout mond foutbòl la jodi a. Epi, anpil moun ap repete se premye etranje ki janm chita sou ban Seleção a. Men verite a diferan: Ancelotti pa premye etranje ki dirije ekip nasyonal Brezil la.
Premye etranje ki te antrene Brezil se te Ramón Platero, yon irigweyen, an 1925, pandan Copa America a, yon konpetisyon Brezil te fini dezyèm. Apre li, te gen Joreca, yon Pòtigè, ki te dirije de (2) match zanmitay kont Irigwe an 1944. Filpo Núñez, yon Ajanten, te fè sa tou an 1965, pandan yon match kont Irigwe, yo te bat match sila (3-0).
Sa ki fè Ancelotti espesyal, se paske li se premye etranje ki resevwa yon kontra ofisyèl ak tout responsablite pou mennen Brezil nan Mondyal 2026 la.
Ancelotti pa yon nouvo non nan mond foutbòl la : li ranpòte Ligue des Champions Ewopeyen 7 fwa, 2 ladan yo antake jwè, li dirije ekip tankou Milan AC, Chelsea, Real Madrid, li gen repitasyon kòm youn nan antrenè ki pi respekte sou plan mondyal.
Malgre listwa Seleção a te toujou mezire fòs li ak antrenè lokal, nonmen Carlo Ancelotti montre CBF pare pou chanje dinamik la pou retonbe sou ray siksè yo. Menm si li pa premye etranje ki pran direksyon Brezil, li se premye ki gen chay ofisyèl la sou zepòl li. Tout je pral fikse sou li pou wè si li ka rekanpe gran nasyon foutbòl sa a sou pye li ankò.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou