BREZILSerieASerieBBrazilCupLòt
AKÈY BREZIL Lòt

Lòt

Davide Ancelotti kòmanse fò ak Botafogo

imaj atik la

23 jiyè 2025   Steve Pierre   861

Premye pa Davide Ancelotti kòm antrenè prensipal ak Botafogo nan Brasileirão Betano a se yon siksè total. Nan 3 premye match li sou ban ekip la, li ranmase 7 sou 9 pwen posib, epi ekip la pa pran okenn gòl. Defans solid, gòl kle, ak yon pwojè ki parèt byen planifye.


Nan moman anpil moun t ap gade Davide kòm “pitit Carlo a”, li deside reponn sou tèren an ak rezilta. Botafogo l ap dirije a parèt serye, mete presyon sou advèsè, epi jwe ak disiplin taktik.

Ekip la montre tout kalite ki fè yon gwoup vin konfyan: solidarite defansiv, atak byen monte, ak kapasite pou jere tansyon dènye minit.

Premye match la, Botafogo bat (2-0) Vasco da Gama. Gòl yo se Cabral (48e), Fernandes (78e). Yon derby Rio kote Botafogo te montre dominasyon l, sitou nan dezyèm mitan. Sistèm taktik Davide a te koupe liy mitan Vasco a nèt.

Dezyèm match la, Botafogo fè (0-0) ak Vitória menm si pa gen gòl estatistik yo frape moun: 23 chout, 8 chout kadre, li te konplètman domine match la. Se gadyen Vitória a, Lucas Arcanjo, ki te fini gwo ewo match la ak 7 parad desizif. Botafogo te bay tout siyal yon ekip ki vle genyen, men li tonbe sou yon miray imen.

Twazyèm match la, Botafogo bat (1-0) Sport Recife. Gòl la se Cuiabano (90+1). Yon viktwa ki sòti anba dan. Ekip la te kenbe konfyans li jiskaske Cuiabano frape nan tan adisyonèl la. Yon gòl ki montre lespri batay ekip la.

Aprè 3 match, li klè: ekip la fò defansivman, li toujou gen kontwòl nan mitan teren, epi li bay espwa chak fwa li monte atake. Davide mete aksan sou blòk ekip la, presyon entelijan, ak adaptasyon selon advèsè a.

Avèk sa li montre deja, Davide Ancelotti ka byen mete Botafogo nan lis kandida pou tit la. E si ekip la kontinye jwe ak menm jefò a, menm disiplin ak menm pasyans lan li ka fè sezon 2025 la tounen yon referans pou nouvo jenerasyon antrenè yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )