Nouvo seleksyonè ekip nasyonal Brezil la, Carlo Ancelotti, mete pye l byen fon nan fonksyon li a ak yon bann aktivite tankou : prezantasyon ofisyèl, premye lis seleksyon l, konferans pou laprès, epi entèvyou ak medya. Nan youn nan entèvyou sa yo ak Globo Esporte, teknisyen italyen an pale sou relasyon li te genyen ak foutbolè brezilyen li te antrene pandan tout karyè li.
Pou Carlo Ancelotti, pi bon foutbolè brezilyen li te antrene se Ronaldo Nazário. "Teknikman, li te espektakilè. Epi se youn nan moun ki pi komik sou latè". Li kontinye pou l di Cafu se pi pwofesyonèl la, poutan Militao ak Vinicius Jr se de jwè ki fè l ri anpil.
Pou antrenè 65 lane a "Vinicius se yon jèn gason ki enb anpil anpil. Se poutèt sa mwen toujou pale byen de yo, paske mwen te gen bon relasyon ak tout. Yo tout rele m pou voye felisitasyon epi swete m bòn chans," se sa Ancelotti kontinye eksplike.
Daprè Ancelotti, jwè brezilyen yo gen yon nivo teknik ki pi wo pase anpil lòt nasyon. "Sou plan pèsonèl, yo konn jere tèt yo trè byen. Se moun ki gen karaktè trankil, ki gen imilite" se analiz ansyen antrenè Napoli a.
Pandan l t ap pale sou tout jwè brezilyen li te antrene ki daprè l rive sou 34, li fè yon ti dezakò pou l di: "Mwen pa sonje mwen te gen pwoblèm ak okenn. Petèt youn, men m p ap di kiyès," li lage sa ak yon ti souri misterye.
Deklarasyon sa yo mete aksan sou relasyon solid ki egziste ant Ancelotti ak foutbolè brezilyen yo, yon bagay ki ka sèvi li anpil pandan li pral eseye mennen seleksyon Canarinha a sou wout nouvo siksè.
Èske se ak Neymar li te gen ti pwoblèm sa a? Se kesyon anpil moun deja ap poze sou rezo sosyal yo. Men pou kounye a, Ancelotti chwazi pa revele non an. Rès la se tan k ap di nou.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou