CONCACAF   ChampionsCup   GoldCup   CaribbeanCup   Lòt  
AKÈY CONCACAF ChampionsCup

ChampionsCup

Malgre yon avans 3-0, Kiraso fè yon gwo remontada sou Kostarika

imaj atik la

25 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1126

Pi gwo sezisman premye jounen Ligue des Nations nan zòn CONCACAF la pase nan match Kostarika kont Kiraso a. Kiraso fè yon remontada 4-3 sou Kostarika.


Seleksyon Tikos la (Kostarika) ap konnen yon move pant depi aprè Mondyal 2014 la. Seleksyon sa ki te yon potorik nan mitan CONCACAF la aprè Etazini, Meksik kounya prèske tonbe plat atè.

Pou lane 2026 sa se wonte sou wonte yo ap mache pran nan foutbòl la. Non sèlman yo sot rate Mondyal 2026 la kote yo te favori nan gwoup yo te ye nan eliminasyon an men tou yo vin pran yon kalòt marasa nan premye match yo nan Ligue des Nations an.

Match sa jwe lakay yo, sou pwòp tèren yo devan piblik yo kont ekip Kiraso a. Nan kòmansman match la tout bagay te ale byen pou ekip amerik santral la, yo mennen 3-0 depi nan premye mitan match la. Yon eskò ki te fè yo panse viktwa a te asire pou yo.

Malgre yo pa t fini premye mitan an avèk posesyon balon an (40%) men sou 6 frap yo te fè nan kan an 3 sa ki kadre yo se te 3 gòl. Nan dezyèm mitan an tout bagay ta pral chanbade. Kiraso pran kontwòl match li depi premye minit dezyèm mitan an jiska dènye minit lan.

Jèn seleksyon sa ki te sot fè yon bèl figi nan Mondyal 2026 la ta pral montre Tikos yo sa l peze. Aprè 3 chanjman byen kalkile nan 57èm minit kote kotch la antre Kendji Gorré, Tahith Chong, Kordi Paulinha. Yo te fini pa louvri eskò a nan 62èm minit gras ak Kendji Gorré. 2 minit aprè Tahith Chong pral redwi eskò a ak 3-2. Yo te kòmanse pran konfyans.

Nan 78 minit Gorré pral egalize, match la vin 3-3. Seleksyon Kostarika a pa t ka sipòte presyon ofansif ekip Kiraso a. Avantaj 3-0 yo a te gentan ap bwè dlo. Pou fini ak sa Jordi Paulina ki te gentan fè 2 pas gòl pral make 4èm gòl la pou Kiraso.

Sezisman total kapital, wonte monimantal pou Kostrika, remontada istorik pou Kiraso.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )