Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon Ajantin lan rann Angel Di Maria yon gran omaj Atakan ajanten Benfica Lisbonne lan ki mete fen nan karyè entènasyonal li aprè Copa America a resevwa yon gran omaj ayè jedi an anvan match Albiceleste yo fas Chili. Fideo a ki konnen yon gwo pasaj nan seleksyon Ajantin lan kote l genyen yon mondyal ak 2 Copa America, viv yon sware avèk anpil emosyon nan Monumental la kote Albiceleste an t ap resevwa ekip Chili an. Angel Di Maria, 36 lane, te rantre sou tèren an ansanm avèk madanm li epi 2 pitit fi li yo, pandan tout stad lan t ap bat bravo pou li. Atakan Benfica a kite seleksyon an aprè 145 match pou 31 gòl sou koulè Albiceleste an. « Mwen te genyen chans jwe avèk plizyè jenerasyon, genyen anpil gran jwè bò kote m. Nou pa t gen chans reyalize anyen pandan lane sa yo, men rive genyen jodia avèk ti mesye sa yo ki la pandan moman sa. Se pou sa m pa vle bliye sila yo ki pase isi an e ki aprann mwen kontinye batay, fè tout sa k depann de mwen pou m te ka kontinye la », pawòl Fideo an ki pa t ka kenbe dlo nan je l.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou