ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Yon jwez FC Barcelone make plis gòl nan Clasicó fanm lan pase Real Madrid

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

07 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   920

Jedi 5 fevriye a, Real Madrid jwe retou Clasicó nan Liga fanm lan ak Barcelone, yo pèdi l 4-0. Yon lòt defèt ki ajoute nan seri defèt manch long ekip Real Madrid fanm lan kont klèb blaugrana a.


Nan tout listwa Clasicó fanm lan nan peyi Espay ant Real Madrid ak Barcelone, Ewa Pajor make plis gòl pase tout ekip Real Madrd fanm lan ak 11 gòl.

Nan kategori sa 2 ekip yo rankontre 23 fwa deja. FC Barcelone se rèn seri sa a ak 22 viktwa kont yon sèl grenn pou Real Madrid. Klasik sa kòmanse nan lane 2020 ant 2 ekip yo. Barcelone te ranpòte premye match la 4-0.

Pandan 6 lane de ekip sa yo ap kontre, Real Madrid make sèlman 10 gòl kont Barcelone. Ewar Pajor ki se atakan polonè 29 lane ekip Barcelone lan make plis gòl nan listwa klasik la pase Real Madrid. Jwèz la ake 11 gòl pandan Real li menm make sèlman 10 gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou