ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Èske nimewo 10 se yon nimewo mitik nan listwa Real Madrid

imaj atik la

31 jiyè 2025   Steve Pierre   517

Kylian Mbappé, jeni fransè Real Madrid lan, soti nan nimewo 9 pou mete nimewo 10 sou do li nan sezon 2025–2026 la. Se Luka Modrić, lejann mitan teren an, ki kite nimewo sa lib aprè plizyè sezon li te pase anndan ekip la. Kounye a, anpil moun ap mande tèt yo: Èske nimewo 10 Real Madrid la se yon chif mitik?


Nan foutbòl, nimewo 10 la se pa yon nimewo tankou tout lòt. Tradisyonèlman, se nimewo ki al sou do pi gwo kreyatè, pi gwo vizyonè, oswa menm lidè ekip la. Se sou do jwè sa yo ki mennen atak la, ki fè diferans lan, anpil fwa, ki make listwa ekip la. Nan Real Madrid, plizyè jwè te mete nimewo 10 la. Gen ladan yo ki te bay rezilta ak nimewo a, devlope talan yo ak bay twofe. Gen lòt ki te pase san fè bri. Kounye a, se Kylian Mbappé ki vin mete nimewo sa. Men anvan li, an n gade 9 dènye jwè ki te mete nimewo 10 la nan Real Madrid, epi sa yo te reyalize pandan peryòd sa.

Men 9 dènye jwè ki mete nimewo 10 Real Madrid la:

1. Luka Modrić, 2017–2024 : 5 Ligue Des Champions, 3 Liga, 1 Balon Dò(2018).

2. James Rodríguez, 2014–2017 : Pi bon bitè Mondyal 2014, 2 Ligue Des Champions, 2 Liga. Malgre li te fè yon bon kòmansman, men rive yon lè, li pa t ka kenbe plas li regilyèman nan onz lan.

3. Mesut Özil, 2011–2013 : Mèt pas, yon jwè ki te konn alimante Cristiano Ronaldo. Pandan pasaj li se 1 Liga ak 1 Copa del Rey. Li te kreyatif, men te kite klèb la twò bonè, malgre talan li.

4. Lassana Diarra, 2009–2011 : se Milye defansif, li pran sèlman 1 Copa del Rey. Li te plis yon jwè travayè, pa t gen gwo moman ak nimewo a.

5. Wesley Sneijder, 2008–2009 : yon jwè teknik e ki gen anpil vizyon, li te pran 1 Liga. Li te bon, men pi bèl sezon li yo te vini aprè li kite Real pou li ale nan Inter Milan.

6. Robinho, 2005–2008 : pandan pasaj li, li pran 2 Liga. Jwè ki te gen anpil promès, men ki pa t rive tounen "nouvo Pelé" yo te espere a.

7. Luís Figo, 2000–2005 : yon lidè sou teren, Balon Dò 2000, 2 Liga ak 1 Ligue Des Champions.

8. Clarence Seedorf, 1996–1999 : yon mitan teren solid ak bon jan frap, pasaj li se 1 Ligue Des Champions, epi li te bay estabilite nan mitan teren an, yon jwè serye ak eksperyans.

9. Michael Laudrup, 1995–1996 : 1 Liga.

Sa yo se kèk nan jwè ki te gen chans mete nimewo 10 pou Merengue yo sou do yo pandan dènye lane sa yo. Gen ladan yo ki make listwa foutbòl ak klèb, nan genyen Balon dò oswa pa leve LDC ak nimewo sa a sou do yo. Gen lòt ki pa t ka reponn ak tout espwa ak presyon nimewo sa a pote, epi yo pa kite yon tras ki vrèman enpòtan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )