ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Atlético Madrid fèmen pòt pou nenpòt negosyasyon ak Barcelone pou Julián Álvarez

imaj atik la

27 dawout 2026   Steve Pierre   932

Direksyon Atlético Madrid la kenbe pozisyon li sou dosye atakan ajanten an, Julián Álvarez. Nan yon deklarasyon ofisyèl, tout manm Konsèy Administrasyon klèb la fè konnen yo dakò nèt ak desizyon ki pran pou pa antre nan okenn negosyasyon ak FC Barcelone konsènan yon posib transfè jwè a.


Daprè responsab yo, Atlético Madrid toujou ouvè pou fè negosiyasyon ki gen rapò ak mache transfè a. Men, yo ensiste sou nesesite pou tout diskisyon fèt nan yon kad etik, pwofesyonèl ak respè ant klèb yo. Yo estime FC Barcelone pa respekte prensip sa yo, sa ki fè okenn negosiyasyon pa janm egziste epi p ap janm egziste ant de (2) ekip yo pou transfè Julián Álvarez lan.

Konsèy Administrasyon an fè konnen li soutni totalman pozisyon klèb la epi li pa gen okenn entansyon pou chanje desizyon sa. Selon yo, kesyon an klè e dosye a konsidere kòm fèmen.

Atlético Madrid ajoute li gen konfyans Julián Álvarez ap konprann desizyon an. Dirijan yo espere entènasyonal ajanten an ap kontinye konsantre sou travay li sou teren an pou ede ekip la reyalize objektif li yo, menm jan li te fè pandan de sezon li deja pase anba koulè rojiblanco yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou