ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Itziar González denonse move pratik nan estaf medikal Real Madrid la

imaj atik la

21 desanm 2025   Steve Pierre   825

Ansyen espesyalis nitrisyon Real Madrid la, Itziar González i Virós, kraze silans li sou move eksperyans li te viv anndan klèb Merengue a. Nan plizyè deklarasyon li fè, fanm 58 lane a akize estaf medikal la pou move tretman, sabotaj pwofesyonèl ak izolasyon, yon sitiyasyon ki, daprè li, te gen konsekans dirèk sou jwè yo.


Daprè Itziar González, se prezidan Real Madrid la li menm ki te mande sèvis li pou sezon 2021-2022 a. Malgre move eksperyans li te deja genyen nan lòt klèb, li te fini pa aksepte aprè anpil ensistans. Men, depi lè li rive a, li rann li kont li pa t vrèman byenveni nan estaf la.

« Se sèlman Carvajal ak Rodrygo ki te vle travay avè m. Gen lòt jwè ki te enterese tou, men estaf medikal la te entèdi yo», se sa li esplike nan deklarasyon yo.

Aprè premye eksperyans lan, Real Madrid rekontakte li an novanm 2023 pou l travay ak Dani Carvajal epi ak Arda Güler pou sezon 2023-2024 la. Men yon lòt fwa ankò, daprè li, estaf medikal la bloke kolaborasyon an.

Nan temwayaj li, Itziar González pale klè sou anpil anpil move bagay li te sibi, pami yo : yo pa gen respè sou gwoup WhatsApp yo, yo meprize li piblikman ak di l pil pawòl piman bouk ak sabotaj nan kantin klèb la, kote yo pa t bay jwè yo manje li te rekòmande yo.

Men sa Itziar te di ankò« Yo te fè jwè yo kwè sa m t ap preskri yo pa t bon pou yo, yo te di mwen pa konn sa m ap fè ».

Malgre tout bagay, espesyalis la fè konnen jwè Real Madrid yo pa t janm pwoblèm lan. Okontrè, li di yo te toujou montre respè, jantiyès, menm sipò moral : « Yo te wè enjistis la. Kèk nan yo te menm kontinye swiv konsèy mwen an kachèt, sa te ban m fòs », konfye li.

Lè klèb la mete fen nan kolaborasyon an, responsab yo te rekonèt li te fè bon travay, men yo te blame “move relasyon” li ak estaf medikal la. Yon demann li te fè pou laverite tabli devan prezidan ak jwè yo pa t jwenn repons favorab.

Fas ak sitiyasyon an, Itziar González pran desizyon pote dosye a devan lajistis, malgre avètisman anpil moun ki te di li Real Madrid gen twòp pouvwa.

Si li deside pale jodi a, se pa pou tire revanj, men pou pwoteje repitasyon li ak lapè enteryè li.

« M toujou ap fè move rèv sou sa. Mwen jis vle moun yo konnen verite a epi fèmen chapit sa nan lavi m », konsa li fini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou