Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan yon entèvyou li bay Marca Mexico, Rodrigo De Paul fè konnen li konsidere li pi difisil pou genyen Major League Soccer (MLS) la pase Ligue Des Champions Ewopeyen an. Deklarasyon sa a pa pase inapèsi e li louvri yon nouvo deba sou diferans ki egziste ant de (2) konpetisyon yo.
Si Rodrigo pran Koup Dimond ak Ajantin an 2022, n ap raple li pa ko janm pran LDC an nan vi li. Jwè entènasyonal ajanten an, k ap evolye kounye a nan chanpyona ameriken an, nan Inter Miami, baze pawòl li sou estrikti MLS la. Daprè li, sezon regilye a, play-offs yo, ansanm ak vwayaj long ak chanjman klima yo, reprezante defi enpòtan pou klèb yo. Major League Soccer fonksyone ak yon sistèm ki diferan anpil de sa yo jwenn nan Ewòp, kote tit la souvan deside sou yon sezon ale-retou san faz eliminatwa.
An fas, UEFA Champions League rete pi gwo konpetisyon klèb sou kontinan ewopeyen an. Li rasanble ekip ki gen plis tit ak pi rekonèt nan mond lan, epi li dewoule atravè plizyè faz eliminatwa ki opoze klèb ki sòti nan diferan chanpyona nasyonal. Chak sezon, konpetisyon an mobilize gwo mwayen finansye, gwo enfrastrikti, ak yon gwo vizibilite mondyal.
Deklarasyon De Paul la pwovoke anpil reyaksyon nan mitan obsèvatè foutbòl yo, ansyen jwè yo, ak sipòtè yo, sitou sou rezo sosyal yo. Genyen ki mete aksan sou diferans nivo jeneral ant de konpetisyon yo, pandan lòt yo raple difikilte yon chanpyona kapab mezire selon plizyè kritè: fòma, regilarite, presyon medyatik, ak entansite konpetisyon an.
Ni MLS ni Ligue Des Champions an pa fonksyone ak menm lojik espòtif ni menm istwa. Pandan MLS la ap kontinye devlope epi atire plis jwè entènasyonal, Ligue Des Champions an kontinye jwe wòl li kòm referans prensipal nan foutbòl klèb mondyal la, pafwa yon Ligue Des Champions konn bay jwè balon dò sa MLS la paka fè.
Deklarasyon ajanten an mete an limyè fason diferan aktè foutbòl yo ka entèprete defi espòtif yo selon eksperyans pèsonèl yo ak kontèks kote yo evolye.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou