ETAZINIMLSUSLOpenCupLòt
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Messi bay Inter Miami avantaj nan pleyòf MLS la

imaj atik la

26 oktòb 2025   Gamarck Antoine   962

Messi fè de (2) gòl nan viktwa 3-1 ekip Inter Miami an fè sou ekip Nashville SC a nan kad premye match pleyòf MLS la ayè vendredi a. Inter Miami, ap menen 1-0 nan seri 3 match la, pandan l ap tann dezyèm match la ki pwograme pou premye novanm sou teren Nashville la. Fafa Picault pa t gen chans jwe nan match la li te rete sou ban.


Anvan match la, ajanten 38 lane a te resevwa twofe meyè bitè pou sezon regilye a aprè li te fè 28 gòl nan 29 match, Messi te bay Inter Miami avantaj nan 19èm minit ak yon kout tèt aprè bon patnè l, Luis Suarez te fè yon sant.

Tadeo Allende te fè dezyèm gòl la nan 62èm minit, Messi te chavire eskò a 3-0 nan 90+6 minit , pandan pandan l te pwofite de yon kafouyaj nan defans Nashville la. Hany Mukhtar te redwi eka pou Nashville nan 90+12 minit 3-1.

Yon viktwa ki mete lajwa nan kè dirijan Inter Miami yo pou pèmèt yo byen fete renouvèlman kontra Chanpyon Dimond 2022 a ki renouvle semèn sa. Ajanten an gen kontra sou bout tè Florid la pou lane 2028.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )