Ayè samdi 10 me 2025 lan, Inter Miami pèdi (4-1) fas Minnesota United sou teren Allianz Field, nan vil Saint Paul. Menm si Lionel Messi te make yon gòl pou vizitè yo, defans ekip Javier Mascherano a te fè twòp erè. Anplis de sa, yo te jwe san Grenadye nou an, Fafa Picault, ki pa t prezan akoz tèt fè mal.
Match la te konte pou 12èm jounen sezon regilye Major League Soccer la (MLS). Minnesota United te ouvè eskò a gras ak Bongokuhle Hlongwane 32èm minit, epi yo te double avantaj la ak Anthony Markanich 45+2 minit. Messi te redwi diferans la pou Inter Miami nan 48èm minit sou yon aksyon pèsonèl, men sa pa t ase pou sove ekip la.
Malerezman pou Miami, defans lan te kontinye kase, nan 68èm minit, Marcelo Weigandt ta pral bay tèt li gòl ki mete match la (3-1). Epi Tani Oluwaseyi mete dènye grenn klou nan 70èm minit pou mete Minnesota byen alèz ak (4-1).
Malgre Inter Miami te gen 73% posesyon balon an epi 11 kònè kont 2 sèlman pou Minnesota, yo pa t rive eksplwate opòtinite yo.
Yon detay enpòtan, Fafa Picault, entènasyonal ayisyen an, te vwayaje ak ekip la men li pa t sou teren an akoz yon kriz tèt fè mal. Li te oblije rete nan otèl la pandan tout match la, sa ki te vin montre Inter Miami pa t ka pwopoze okenn opsyon serye nan atak la.
Sa se katriyèm defèt Inter Miami nan 5 dènye match yo kote yo gentan pran 14 gòl. Yo gen anpil travay pou fè nan defans si yo vle kenbe tèt nan MLS la. Ekip la pral retounen sou teren an mèkredi 14 me k ap vini la pou jwe kont San Jose Earthquakes.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou