ETAZINIMLSUSLOpenCupLòt
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Yon ansyen jwè MLS la pale sou kòman jesyon direksyon Inter Miami an ye akoz papa Leo

imaj atik la

25 septanb 2025   Neuvième Junior   950

Aprè yon bèl pakou nan Leeds, Mateusz Klich (35 lane) te chwazi rejwenn Etazini. Nan pakou sa, li te evolye pou DC United ak Atlanta United nan Major League Soccer a, anvan li te retounen nan peyi li e angaje l ak Cracovia.

Pandan pasaj li nan MLS la, milye tèren Polonè a montre li pa gen yon bon souvni kont Inter Miami ak Lionel Messi.

"Mwen p ap rekòmande Miami toutan Messi la. Se yon dezas. Moun prale, antrenè ak kineziterapetez yo tou. Nan nivo òganizasyon, sitiyasyon an pa bon. Tout moun pale espanyòl e anyen paka fèt san konsantman yo", afimasyon Klich fè pandan jounalis t ap poze l kesyon nan emisyon polonè Foot Truck la sou klèb li konseye jèn ki vle jwe nan MLS la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )