FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Medam seleksyon Brezil la domine amerik la

imaj atik la

03 dawou 2025   Benswilkenson Jean   569

Seleksyon fanm Brezil la avèk lejann yo a Marta montre dominasyon yo sou zòn amerik la.


Medam Seleção yo pran yon 5èm Copa america youn dèyè lòt aprè viktwa yo nan seyans penalite sou ekip Kolonbi a.

Mega sipèsta ekip Brezilyèn lan Marta (39 lane) demontre tout sa l peze nan match sa malgre li te antre nan fen match. Nan moman Marta te antre a se te nan 82èm minit, Kolonbi te 3-2 sou Brezil.

Marta make gòl egalizasyon an nan fen match la 90+6 epi li al make yon lòt gòl ankò nan tan pwolongasyon ki se nan 105èm minit pou l te voye match la nan seyans penalite (4-4). Nan seyans penalite a Marta te rate penal li a men sa ki pa anpeche medam brezilyèn yo ale ak twofe a (5-4).

Nan 10 edisyon Copa america ki fèt deja yo Brezil pou kont li pran 9 ladan yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )