FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Yon lòt rekò pou Cristiano Ronaldo ki ede Pòtigal fè maksimòm

imaj atik la

9 septanm 2025   Schmidt Jean   937

Nan kad dezyèm match eliminatwa zòn Ewòp la, Cristiano Ronaldo make sou penal kont Ongri (gòl 2-1) pou ede Pòtigal fè viktwa 3-2 an deplasman. Ak gòl sa Ronaldo egale rekò plis gòl ki fèt nan kalifikasyon pou Koup Dimond.


Aprè bèl viktwa Pòtigal 5-0 sou Ameni wikenn pase a, ekip CR7 lan te gen yon pi gwo tès jodi a nan Puskas Arena a ki nan peyi Ongri. Tès ta te mal kòmanse pou yo lè Barnabas Varga te ouvè eskò a nan 21èm minit pou ekip lokal la. Men anvan mitan an fini, gras ak Bernardo Silva Pòtigal te jwenn egalizasyon an nan 36èm minit.

Rekò a te tonbe nan 58èm minit match la kote Cristiano Ronaldo te transfòme yon penal pou bay Pòtigal avantaj la. Gòl sa se te 39èm (nan 49 match) gòl jwè a make nan kad eliminatwa Mondyal, sa ki mete l a egalite ak Carlos Ruiz, yon Gwatemaltèk ki rive make 39 gòl tou nan 47 match. Lionel Messi twouve l nan lis sa tou ak 36 gòl nan 76 match epi gen Robert Lewandowski kòm gwo non ki nan lis la ak 32 gòl nan 41 match.

Pòtigal rive genyen match la 3-2 malgre Ongri te egalize byen ta (84èm) ak menm Barnabas Varga a, men se Joao Cancelo ki te gen dènye mo a nan 86èm minit.

Ak viktwa sa Pòtigal fè maksimòm pwen posib (6) pou mwa Septanm nan e pozisyone yo an bon lidè gwoup F la ki gen ladan l ankò Ameni (3 pwen) Ongri (1 pwen) ak Ilann (1 pwen).

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )