Depi kreyasyon konpetisyon sa nan lane 2000 se toujou 3 ganyan FIFA toujou bay. Fwa sa a p ap gen bagay konsa.
Pou premye fwa konpetisyon Mondyal klèb la jwe ak 32 ekip depi lè l te kreye nan lane 2000. Anvan sa aprè 2 finalis yo, FIFA te konn òganize yon match ant 2 ekip ki elimine nan demifinal yo pou konnen kiyès ki ap twazyèm.
Pou edisyon sa, FIFA fè kwa sou sa. Sa ki vle di p ap gen yon match ant Real Madrid ki te elimine devan PSG (4-0) ak Fluminense ki te elimine devan Chelsea (2-0).
Selon enfòmasyon yo FIFA ta pase sou match sa nan yon fason pou panse ak sante jwè yo. Paske yo jije sezon an te twò chaje.
Sa ki ap fè Real Madrid antre dirèk an Espay pou prepare ouvèti chanpyona espanyòl la pou mwa dawout la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou