Pou mete fen nan kanpay foutbòl sa sou tèren ameriken an, abit ostralyen Alireza Faghani gen privilèj dirije dènye rankont sa ki pral mete fas pou fas Paris Saint-Germain ak Chelsea Football Club.
Abit ostralyen 47 lane an pral dirije rankont sa k ap gen pou jwe aprè midi an nan MetLife Stadium lan. Yon chwa ki baze sou regilirate ak rigè abit sa nan konpetisyon an ki pral abitre 4èm match li nan Koup Dimond klèb yo.
Alireza Faghani te abit prensipal nan kadefinal Chelsea te jwe fas Palmeiras lan kote Blues yo te genyen 2-1. Yon match ki pral mete fen nan yon eksperyans n ap gen pou viv nan 4 lane ankò.
Ak 47 lane, abit ostralyen an fè prèv li deja atravè eksperyans li nan domèn lan kote l te deja ofisye nan plizyè konpetisyon entènasyonal, ladan yo 2 dènye Koup Dimond seleksyon yo ak Jwèt Olenpik 2016 yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou