FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA MondyalClub

MondyalClub

Jèn defansè Real la, Huijsen, konnen vèdik sanksyon li an pou katon wouj la

imaj atik la

8 jiyè 2025   Benswilkenson Jean   382

Real Madrid te jwenn kalifikasyon l nan yon match elektrik kont Borussia Dortmund 3-2 nan kadefinal Mondyal klèb la. Huijsen ki te pran yon katon wouj nan match la konnen vèdik sanksyon l.


Real Madrid te gen kontwòl match la nan men l pandan prèske tout tan reglemantè yo. Madrilèn yo te 3-1 anvan jèn defansè espanyòl la Dean Huijsen ta pral pran yon katon wouj nan match la. Sa ki te koz Merengue yo fini match la ak 10 jwè.

Akoz katon sa, ansyen defansè Bournemooth la pral rate demifinal konpetisyon an kont Paris Saint-Germain. Se petèt Asencio ki ka ranplase l nan pòs la.

FIFA sòti vèdik li sou katon wouj sila a. Entans sila ki se òganizatè konpetisyon an, bay Huijsen pinisyon yon match. Sa ki koz li ap disponib pou jwe final la si tout fwa Real kalifye devan PSG.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )