FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Kylian Mbappé sou wout pou rejwenn Olivier Giroud nan premye plas bitè a

imaj atik la

10 septanb 2025   Neuvième Junior   924

Nan dezyèm match kalifikasyon Koup Dimond 2026 la, Lafrans te gen randevou kont Islann. Gras ak Kylian Mbappé 92 seleksyon, li ede ekip la e pwofite okazyon pou kite Thierry Henry ki genyen 51 gòl dèyè.


Nan dezyèm match kalifikasyon Koup Dimond 2026 la, Lafrans te gen randevou kont Islann. Gras ak Kylian Mbappé 92 seleksyon, li ede ekip la e pwofite okazyon pou kite Thierry Henry ki genyen 51 gòl dèyè.

Gras ak yon gòl atakan madrilèn lan fè nan viktwa Lafran sou Islann 2-1 nan rankont kalifikasyon mondyal 2026 la, ansyen jwè Monaco a genyen 52 gòl ak trikolò yo. Avèk kantite sa, Mbappé rete 5 gòl sèlman pou rejwenn Olivier Giroud 57 gòl. Dezyèm viktwa sa mete fransè yo nan premye plas gwoup D an ak 6 pwen.

Swit ak rekò sa yo ki ap monte Mbappé reyaji.

"Mwen te di nou, mwen konnen sa! Se byen, mwen kontan anpil. Mwen pral pale sou Titi paske li se yon jwè ekstrawòdinè. Se yon lejann vivan. Pase devan li, se yon bèl bagay. Men rete Olivier Giroud avèk 57 gòl, ebyen nou pa dwe fè twòp fèt, gen travay toujou". Pawòl kapitèn trikolò a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou