FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Ousmane Dembélé mete Lafrans nan nivo Ajantin sou koze Balondò

imaj atik la

23 septanb 2025   Neuvième Junior   975

Lundi a, France Football ki responsab pou rekonpanse jwè, klèb, antrenè ak lòt ankò, te remèt Ousmane Dembélé ki gen 28 lane egzistans, Balondò 2025 lan swit ak pèfomans li tout sezon an.


Lundi a, France Football ki responsab pou rekonpanse jwè, klèb, antrenè ak lòt ankò, te remèt Ousmane Dembélé ki gen 28 lane egzistans, Balondò 2025 lan swit ak pèfomans li tout sezon an.

Aprè jwè a rive soulve Balondò a, li vini sizyèm jwè fransè ki pran rekonpans sa. Avèk eksplwa li fè sou sezon an ki pèmèt li gen pri sa, atakan Paris Saint-Germain an pote yon 8èm balon dò nan lakou Lafrans aprè Raymond Kopa te fè l ajoute sou twa pa Michel Platini yo, plis pa Jean-Pierre Papin, Zinédine Zidane ak Karim Benzema ki yo menm te pran gwo bout rekonpans sa.

Kounye a, avèk pwogrè sa, Lafrans vin youn nan nasyon ki gen plis tit nan listwa Balondò a menm jan ak Ajantin ki gen sèlman Messi ki pran 8 e nou konnen Leo pa yon jwè ewopeyen. Paske si nan epòk anvan yo jwè amerik yo te gen aksè pou Balondò a, Diego Maradona ak kèk lòt t ap rive ranpòte li.

Ebyen fas ak travay Ousmane ki pèmèt li rive kote li ye jounen jodi a, pèmèt foutbòl fransè a depase Peyiba, Pòtigal ak tout Almay nan koze sa. Peyi sa yo konte sèt tit yo chak. Li rete pou nou konnen kòman sezon ki kòmanse a ap fini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou