FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Antrenè PSG a pale aprè fo pa yo fè nan klasik la

imaj atik la

23 septanb 2025   Neuvième Junior   1019

Depi kèk tan, Paris Saint-Germain ki se yon klèb nan kapital Frans lan twouve l nan yon kondisyon ki pa sispann fè lòt ekip pè sitou nan Ligue 1 an. Pandan sezon 2024/2025 lan, klèb Paris a te oblije tann jiska 31èm jounen Ligue 1 an pou fè konesans ak defèt. Malerezman sezon sa, PSG kilbite depi nan 5èm jounen.

Aprè gwo kalòt sa yo pran nan klasik la fas Olympique de Marseille (0-1) jounen lendi a, antrenè parizyen an Luis Enrique pale sou rezilta pandan li raple kòman OM se yon ekip ki difisil pou jwe.

"Nou pa abitye pèdi. Jodi a, nou fè yon bon match, sa te difisil. Nou te merite plis, mwen dwe analize rankont lan pou m wè sa k pase. Mwen panse nou fè anpil bèl bagay, kote nou te gen okazyon pou make. Yon defèt nan yon klasik, sa toujou difisil men se yon ekip chanpyon, nou dwe kontinye prepare match yo nan pi bon fason ki genyen". Deklarasyon Luis Enrique nan mikwo Ligue 1+.

PSG ap gen pou resevwa Auxerre, samdi nan chanpyona a, anvan deplasman y ap gen pou fè pou gwo afwontman lakay ekip Barcelone nan premye oktòb nan Ligue des Champions.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )