FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Corinne Diacre vini nouvo antrenè ekip fanm Olympique Marseille lan

imaj atik la

6 Oktòb 2025   Jacky Chéry   577

Jan sa te anonse depi semèn pase an, Olympique Marseille ofisyalize nominasyon Corinne Diacre kòm nouvo antrenè Marseillaises yo.


Ansyen antrenè seleksyon Lafrans lan, Corinne Diacre pral kapab antrene ekip fanm Olympique Marseille lan nan Arkema Première Ligue lan.

Avèk yon diplòm antrenè BEPF, ansyen entènasyonal fransèz lan gen non l ki pale pou li nan domèn lan. Nan lane 2014, Corinne Diacre te vini premye antrenè fanm ki dirije yon ekip pwofesyonèl gason.

« Rejwenn Olympique Marseille se yon gwo fyète. Se yon klèb ki gen idantite, pasyon ak anbisyon l kadre avèk pakou mwen epi manyè mwen abòde foutbòl », deklarasyon Diacre nan kad prezantasyon ofisyèl sa.

Avèk Lafrans, ansyen antrenè Clermont Foot lan te mennen Tricolore yo nan kadefinal mondyal fanm 2019 lan epi demifinal Euro 2022 an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )