FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Luis Enrique felisite ekip Strasbourg la aprè l fin frennen l

imaj atik la

18 oktòb 2025   Gamarck Antoine   654

4 jou anvan li deplase pou afwonte Leverkusen nan Champions League la, Paris Saint-Germain pa t gen prezans plizyè jwè kad pandan li t ap resevwa ekip Strasbourg la nan aprè midi 17 oktòb la nan kad 8èm jounen chanpyona, Match la fini 3-3. Luis Enrique felisite advèsè a malgre match nil lan.


«Felisitasyon ak ekip Strasbourg la, yo jèn e yo fòme yon bèl ekip. San dout se youn nan pi bon ekip nan chanpyona a». Se Luis Enrique ki ap pale, li te tou jistifye remaniman ekip la. «Nou konnen gen difikilte men nou te mete priyorite, aprè trèv entènasyonal la nou konnen kantite minit chak jwè diskite nou te eseye jere sa. »

Luis Enrique montre ekip Strasbourg la te fè l soufri e li regrèt fen match la :« nou te byen kòmanse match la, men nan fen premye peryòd la, nou soufri anpil. Se enposib pou m kontan aprè m fin pran 3 gòl, nan fen match la nou te siperyè, men nou pa t rive fè gòl».

Liam Rosenior ki se antrenè Strasbourg la montre li fyè e an menm tan desi aprè match la. « Mwen fyè an menm tan m desi paske lè w ap mennen 3-1 an deplasman, ou vle genyen, nou depanse anpil enèji nan fè pressing pandan 75 minit men nou pa sòti ak viktwa».

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )