FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Marquinhos responsab yon rekò l ki kraze nan Lafrans

imaj atik la

23 septanm 2025   Neuvième Junior   1164

Marquinhos te rejwenn klèb Paris Saint-Germain an nan lane 2013. Pandan tout tan sa, jwè a te ede ekip la ranpòte plizyè tit enpòtan. Depi aprè brezilyen an te rejwenn klèb PSG a, Marquinhos jwe 19 rankont fas Olympique Marseille san li pa t janm fè defèt.


Men, kont yon ekip detèmine, defansè brezilyen an asiste ak premye defèt li (1-0) nan yon klasik ak klèb Paris a.

Pami ekip Marquinhos jwe pou piti 15 fwa nan chanpyona a, OM te rete kòm sèl klèb li patko janm pèdi. Malerezman, ayè lendi a, ansyen jwè Roma a anrejistre premye defèt li nan klasik la e se sou 20èm match la OM resi bat PSG sou rèy brezilyen an.

Pou defèt sa, jwè a ki pa ditou gen chans, wè komisyon konpetisyon an ki se LFP, chanje non jwè ki make sèl grenn gòl klasik la. Premye fwa, se non defansè santral Marseille la ki afiche men aprè analiz, responsab yo fè konnen imaj la montre se Marquinhos ki te dènye touche balon an anvan li antre nan kan an. Eksplikasyon LFP a nan yon kominike.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )