FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Olympique Lyonnais desann nan dezyèm divizyon

imaj atik la

25 jen 2025   Jacky Chéry   708

Yon nouvèl ki choke fanmi foutbòl fransè an, prensipalman abitan Lyon yo ki pral oblije swiv klèb kè yo an nan Ligue 2 sezon k ap vini an. Se Komisyon kontwòl klèb pwofesyonèl yo ki pran desizyon sa akoz Olympique Lyonnais pa ta reponn ak egzijans elit la.


Malgre yon sizyèm plas nan Ligue 1 an sezon ki sot pase a ak yon kadefinal nan League Europa, Olympique Lyonnais pral oblije evolye nan dezyèm divizyon sezon k ap vini an akoz sitiyasyon finansyè li ki pa korèk. Klèb fransè a te gen malè sa pandje sou tèt li depi plizyè mwa.

Atravè yon kourye elektwonik, Komisyon kontwòl klèb pwofesyonèl yo anonse desizyon sa yo pran pou desann Olympique Lyonnais nan Ligue 2 an. Desizyon sa ki se yon gwo kou pou vil Lyon pran nan kad aplikasyon atik 11 règleman DNCG an.

Menmsi desizyon sa ofisyèl, Olympique Lyonnais gen posibilite pou konteste desizyon sa nan yon pwosedi apèl devan yon jiridiksyon ki gen otorite pou kase desizyon sa. Anpil manm nan kominote foutbòl la deja pataje pèn yo ak Gones yo nan moman difisil sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou