Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Kylian Mbappé ranpòte yon gwo viktwa legal kont ansyen klèb li, Paris Saint-Germain. Jodi madi a, Konsèy Prud’hommes Paris a deside kondane PSG pou peye anviwon 61 milyon ewo bay atakan Real Madrid la, aprè konfli jidisyè ki te eklate ant de pati yo aprè jwè a te fin kite ekip la an 2024.
Daprè desizyon tribinal la, PSG oblije peye 55 milyon ewo salè ak prim ki pa t peye, ansanm ak lajan konje peye. Desizyon jistis sa presize egalman sa dwe fèt byen rapid, ki vle di klèb la dwe peye menm si l deside fè apèl. Anplis, tribinal la mande PSG pou pibliye tout jijman an pandan yon mwa sou paj dakèy sit entènèt ofisyèl li an.
Nan menm moman an, jij yo voye jete demann Mbappé te fè pou yo rekalifye kontra dire detèmine li te genyen an an kontra CDI. Konsèy la, ki gen reprezantan patwon ak travayè, pa jwenn ase eleman pou valide pwen sa a, daprè RMC Sport.
N ap raple, PSG te mande Mbappé 440 milyon ewo kòm dedomajman, pandan kan jwè a te reklame 263 milyon ewo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou