FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Ligue1

Ligue1

Paris Saint-Germain ofisyèlman sakre chanpyon Frans 2024

imaj atik la

Jacky Chéry   9211

Paris Saint-Germain ofisyèlman sakre chanpyon Frans 2024 Avèk defèt AS Monaco (2-3) fas Olympique Lyonnais nan okazyon 31èm jounen Ligue 1 an, Paris Saint-Germain ranpòte chanpyona a sezon sa. Parizyen yo ki te fè match nil ayè samdi an fas Le Havre (3-3) ranpòte 12èm tit chanpyon Frans nan istwa yo aprè defèt AS Monaco an. Yon sezon ki kapab istorik pou parizyen yo ki kalifye pou demifinal Lig Dè Chanpyon an, epi final Coupe de France, posibilite pou yon kwadriple. Nan Ligue 1 an sezon sa, Paris Saint-Germain se 20 viktwa, 10 nil, pou yon sèl grenn defèt. Yon premye pati misyon akonpli pou Luis Enrique.


KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou