Timothy Weah, nouvo jwè polivalan ekip Olympique de Marseille la, pa t mete dlo nan bouch li pou montre fistrasyon l aprè defèt yo nan premye jounen Ligue 1 an.
Malgre yon jwè an plis pandan plis pase 60 minit, Olympique Marseille tonbe sou tèren klèb Rennes lan (0-1) yè vandredi a nan ouvèti premye jounen Ligue 1 an. Nan mikwo Ligue 1+, nouvo jwè foseyen yo, Timothy Weah, montre li pa kontan aprè defèt sa.
"Sa nou te manke? Mwen panse se detèminasyon nan fen rankont lan. Pran yon gòl pandan ou gen yon jwè anplis, sa pa akseptab. Nou mal kòmanse chanpyona a, men li long. Mwen gen konfyans nan tout moun e mwen konnen pwochen match la ap byen. Nou pa t fè l aswè a, sa yon ti jan di pou nou aksepte paske nou gen jwè ki vle genyen. Nou pèdi, nou dwe poze tèt nou kesyon epi travay ". Sa se deklarasyon entènasyonal ameriken an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou