Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Chanpyona fransè a bay premye sezisman pou sezon an, yon jwè Lens pran katon wouj nan 58 segonn sèlman.
Nan match ki te mete Rennes kont ekip Lens lan nan kad 6èm jounen Ligue 1 an, defansè ekip Lens lan Jonathan Gradit pran yon katon wouj nan 53 segonn match la.
Jwè a pran katon wouj sila a lè li te anile yon aksyon Seko Fofana t ap mennen kont ekip Lens lan. Jwè a te nan pozisyon dènye defansè sou aksyon an e abit la te sanksyone defansè a ak yon katon wouj aprè 53 segonn sèlman nan match la. Malgre sa Lens te kenbe tèt li e sòti ak match nil la.
Malgre katon wouj la nan mwens pase yon minit sa pa fè rekò nan mond foutbòl la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou