FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Ansu Fati deja sou chodyè cho a nan AS Monaco malgre bon kòmansman sezon an

imaj atik la

23 desanm 2025   Steve Pierre   556

Sezon sa FC Barcelone prete AS Monaco Ansu Fati (23 lane). Jwè a pa sanble fin jwenn plas li nan Prensipote a. Malgre yon kòmansman sezon ki te ankourajan sou plan estatistik yo, avni atakan espanyòl la deja parèt flou bò kote klèb "monégasque" la.


Daprè enfòmasyon jounalis endepandan an, Romain Molina, pataje sou rezo sosyal X, responsab AS Monaco yo pa ta anvi kontinye avanti a ak ansyen prodij Barça a. « Monaco pa vle Ansu Fati ankò », se pawòl dirèk Molina itilize, yon deklarasyon ki fè anpil bri nan mond foutbòl la.

Pa bliye sitiyasyon an pa t toujou konsa. Nan 5 premye match li jwe sezon sa a, Ansu Fati te frape fò : 6 gòl deja te sou kont li, sa ki te fè anpil moun kwè li te sou bon chimen pou relanse karyè li. Dènye gòl li te make a remonte nan dat 5 oktòb 2025, nan yon match kont Nice nan Ligue 1 an.

Men depi dat sa a, se silans total pou atakan an. Ansu Fati pase 9 match youn apre lòt san gòl ni pas gòl. Yon seri move pèfòmans ki vin poze kesyon sou fòm li, regilarite li ak kapasite li pou pote enpak nan sistèm jwèt Monaco a.

Tankou si sa pa t ase, pandan peryòd sa a, Ansu Fati vin gen yon blesi miskilè nan fen yon antrènman. Li touche nan "ischio-jambier" yo, yon blese ki deja konn frennen karyè li plizyè fwa anvan sa. Absans sa a pa ede li reprann konfyans ni regenyen plas li nan ekip la.

Li te vini Monaco ak objektif pou relanse tèt li epi bay plis kreyativite nan atak la, Ansu Fati pa janm reyisi enpoze tèt li sou yon long peryòd. Ant blese, manke kontinyite ak kesyon fizik li ki pa bon k ap pèsiste anpil, avni li nan Prensipote a sanble p ap long.

Si li retounen FC Barcelone nan fen sezon an, Ansu Fati pral oblije, yon lòt fwa ankò, chèche yon pwojè solid pou sove yon karyè ki te yon lè anonse li kòm eritaj Lionel Messi. Tan ap pase, kesyon an rete menm jan an : èske Ansu Fati ap janm rive retounen nan nivo tout moun t ap tann lan?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou