FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Gianluigi Donnarumma reyaji sou Instagram pou voye yon mesaj bay fanatik li yo

imaj atik la

12 awout 2025   Neuvième Junior   303

Aprè PSG fin pran desizyon pou fè Gianluigi Donnarumma pran wout pòt la pou li, entènasyonal italyen an reyaji sou rezo sosyal Instagram jodi madi a. Pòtye italyen an ki sou kontra jiska jen 2026 te pran lapawòl.


Aprè PSG fin pran desizyon pou fè Gianluigi Donnarumma pran wout pòt la pou li, entènasyonal italyen an reyaji sou rezo sosyal Instagram jodi madi a. Pòtye italyen an ki sou kontra jiska jen 2026 te pran lapawòl.

"Ak sipòtè espesyal Pari, depi premye jou m la, mwen bay tout mwen menm sou tèren menm jan ak deyò tèren, pou jwenn plas epi defann kan Paris Saint-Germain. Malerezman, yon moun deside mwen pa dwe fè pati gwoup la e kontribiye ak siksè ekip lan. Mwen vrèman desi epi tris. Mwen espere jwenn okazyon yon dènye fwa pou gade sipòtè Parc des Princes yo nan je e di nou orevwa jan sa dwe fèt. Si sa pa rive fèt, mwen vle nou konnen soutyen ak afeksyon nou konte anpil pou mwen e mwen p ap janm bliye yo. M ap toujou konsève souvni ki nan mwen yo, tout emosyon yo, nwit majik yo ak nou menm ki te fè m santi m lakay mwen. Ak tout koyekipye yo ki se dezyèm fanmi m, mèsi pou chak batay, chak souri, chak moman nou pataje yo. N ap toujou rete frè m. Jwe pou klèb sa e viv nan vil la te yon lonè pou mwen. Mèsi Pari".

Piblikasyon ansyen gadyen Milan AC a ki voye yon mesaj Adye bay sipòtè PSG yo akoz sitiyasyon li nan moman an. E fason sa montre jan dirijan klèb yo aji ak pòtye italyen yo, paske Gianluigi Donnarumma se twazyèm gadyen italyen ki sibi yon move konpòtman bò kote direksyon klèb fransè a aprè Salvatore Sirigu epi Gianluigi Buffon.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )