Ansyen atakan seleksyon brezilyèn lan, chanpyon Mondyal 2002 a Ronaldinho siyen nan klèb Ravenna FC a nan peyi Itali
Daprè enfòmasyon ki ap sikile yo ansyen jwè FC Barcelone ak AC Milan an siyen ofisyèlman ak klèb Ravenna FC a nan peyi Itali. Ansyen lejann brezilyen an pa pral jwe wòl yon jwè men pito yon anbasadè pou ede klèb la nan zafè pwomosyon.
Ravenna FC se yon klèb italyen ki fonde depi 1913. Li twouve l pou kounya a nan chanpyona twazyèm divizyon nan peyi Itali.
Ignazio Cipriani se non prezidan klèb sa a epi Andre Mardolini se non antrenè a. Klèb sila a poko janm monte nan SerieA nan listwa l.
Ansyen lejann brezilyen an p ap vini kòm yon jwè men pito kòm yon anbasadè maketin.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou