ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI Lòt

Lòt

Gian Piero Gasperini jwenn elòj pou fason li ap mennen klèb Roma a

imaj atik la

24 septanb 2025   Neuvième Junior   882

Aprè yon bèl pakou nan Atalanta Bergame kote li te fè 9 lane ap dirije klèb la, Gian Piero Gasperini te chwazi bay vag ak klèb Bergame a sezon sa. Men, avan desizyon sa vini, antrenè Italyen an te ranpòte Ligue Europa nan lane 2024 la ak yo pou kite non li nan palmarès klèb la.


Aprè yon bèl pakou nan Atalanta Bergame kote li te fè 9 lane ap dirije klèb la, Gian Piero Gasperini te chwazi bay vag ak klèb Bergame a sezon sa. Men, avan desizyon sa vini, antrenè Italyen an te ranpòte Ligue Europa nan lane 2024 la ak yo pou kite non li nan palmarès klèb la.

Apèn li rive sou ban AS Roma a, Gian Piero Gasperini pa mete twòp tan pou aplike estil jwèt li anndan ekip la. Gras ak fason li prepare ekip la, kotch 67 lane a kòmanse sezon an ak 3 viktwa e yon defèt nan Seri A a

Jodi a, Gasperini te gen randevou ak Nice pou jwe premye rankont li nan konpetisyon ewopeyen an. E gras ak fason li enpoze stil li sou jwè yo, pèmèt ekip la fè premye viktwal nan Europa Ligue (2-1).

Aprè rankont C3 a, Manu Koné di sa li panse pa rapò ak filozofi antrenè a.

"Avek nouvo antrenè a, sa te fasil pou n adapte nou. Nou konn egzijans li, nou bay tout nou menm nan antrènman, nou tounen pwodwi yo nan rankont yo. Li pi bon si yo wè pa gen feblès. Nou prale etap pou nou eseye pwogrese ansanm. Nou pran gou nan efò yo, nou kontan fason n ap jwe a, e nou genyen. Sa vrèman bon ". Deklarasyon entènasyonal fransè a sou travay Gian Piero Gasperini ap fè a.

Pwochen rankont Gasperini ap gen pou jwe ak klèb Roma a, se nan Seri A kont Verone dimanch anvan dezyèm sòti yo Ligue Europa nan dat 2 oktòb.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou