Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pandan rankont fas Milan AC a dimanch lan nan Seri A, antrenè Naples la Antonio Conte te pran desizyon retire nan match, milye tèren an Kevin De Bruyne ki gen 34 lane, ki deja jwe 5 match e fè 3 gòl nan chanpyona Itali a pou sezon an.

Chanjman sa ki te vini nan 72èm minit, te kite yon move imaj kote jwè a nan moman li ap kite tèren an pa t kache agasman li e pa chwazi salye antrenè a. Tout sa, nan moman defèt klèb la (1-2). Pou komante mekontantman ansyen jwè Manchester City a, teknisyen italyen an klè sou sa.
"Mwen espere li te fache pou rezilta, paske si se pa pou sa li te fache, konnen li tonbe sou move moun". Prevansyon manadjè Napoli a nan mikwo laprès. Fas ak sa antrenè a di nan deklarasyon li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou