ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Gen yon gwo eskandal ki eklate nan chanpyona peyi Itali a

imaj atik la

22 avril 2026   Benswilkenson Jean   1370

Chanpyona peyi Itali a gen yon gwo eskandal k ap brase bil li dènye tan sa. Tribinal vil Milan nan yon ankèt tonbe sou yon trafik ant plizyè jwè ak jèn fi melanje ak eskwokri, bagay la lajistis.


Calcio Itali a tonbe sou yon lòt gwo eskandal ankò. Nan yon ankèt biwo lajistis nan vil Milan ap mennen, yo tonbe sou yon seri sware klandesten ki enplike divès jwè nan chanpyona italyen an. Nan ankèt pakè milanè a mennen an yo al tonbe sou yon rezo byen detèmine ki gen ladan l yon seri moun ki ap òganize yon seri sware klandestin kote eskwokri, konsomasyon dwòg pami yo protoksidazòt ap taye banda. Nan menm branch sa a yo kwaze ak yon lòt aktivite ki se yon sistèm menm rezo sa a mete anplas pou fè yon seri jèn fanm rankontre ak yon seri moun rich pami yo kèk jwè foutbòl.

Bagay la ap brase bil chanpyona a ti kras pa ti kras. Pami jwè ki nan seri A a gen anviwon 70 ki enplike san konte kèk gwo tèt nan foutbòl italyen an. Selon enfomasyon yo nan envestigasyon ki mennen yo jwenn sware sa yo gen ladan yo dine, sòti nan gwo otèl 5 etwal epi pasaj nan klèb lannuit.

Anpil nan jèn fanm sa yo nan moman an te gen laj minè epi yo te ba yo yon ti kraze monnen sèlman. Chèf dosye sa a se yon koup ki deja anba kontwòl lajistis. Se yo menm ki te prèske responsab tout bagay soti nan A jiska Z. Yo te konn mete jèn yo genyen yo dòmi yon kote epi itilize yo sèlman pou sware yo kote gen moun ki peye plizyè milyon ewo pou sa yo rele pla konplè a.

Plizyè medya nan peyi Itali pami yo Il Gionarle, kòmanse mete plizyè non jwè ki enplike nan bagay la deyò. Non ki deja kòmanse sòti yo se Alessandro Bastoni, Jérémy Menez, Olivier Giroud, Bissep, Raoul Bellanova ak anpil lòt. Daprè enfomasyon yo ta jwenn yon seri siy ki kapab enplike Achraf Hakimi ak Raphael Leão tou.

Anpil jwè ki soti nan divès klèb nan Serie A ta enplike tou. Pami yo gen jwè ki soti nan Lazio, Atalanta, Milan AC ak plizyè lòt klèb. Selon ankèt la anyen poko di si jwè sa yo enplike dirèkteman nan tout sèvis rezo klandesten an bay men ankèt la ap kontinye. Gen jwè se jis yon ti siy nan non yo ki fè non yo site san pou otan pa gen gwo dekouvèt ki fèt.

Swiv GolAyiti sou tout rezo yo pou w ka toujou konnen ki nouvo bagay ki gen nan dosye sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou