ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Lidè yo tonbe; batay pou tit la makawon

imaj atik la

20 oktòb 2025   Schmidt Jean   884

Wikenn pase, Serie A a te jwe setyèm (7èm) jounen l. Lidè yo nan chanpyona a fè bèk atè sa ki vin bannou yon klasman sere ki fè batay pou tit la pi move. De ekip nan top kat la pèdi, Milan pase devan; Inter foure pye l nan tchaka a.


Napoli ki te mèt e seyè nan klasman an tonbe 1-0 lakay Torino pou 2èm defèt yo sezon sa. Defèt sa ak defans ekip la fè gen gwo kesyon sou yo ane sa. Napoli se pi move defans (7gòl kont yo) nan top 6 la sezon sa aprè sèlman 7 match, tandiske yo te pi bon defans nan chanpyona a sezon pase.

Inter te gen randevou kay Roma, ki te dezyèm nan klasman an, al fè yon bèl viktwa 1-0 pou gaye wonn nan e montre yo tout moun yo nan batay la tou. Se Ange-Yoan Bonny ki te make ti grenn gòl la depi 6èm minit match la. Viktwa sa pèmèt Inter gen menm kantite pwen kounya ak Roma epi Napoli.

Atalanta menm kontinye ak fòm "paka mouri paka sove yo" a. Yo deja sou 3èm match nil afile nan chanpyona a, e 5èm match nil yo an tou. Men yo se sèl ekip ki pa ko konnen gou defèt sezon sa an Itali.

Milan se pi gwo pwofitè jounen an kote yo rive bat yon ekip Fiorentina ki an degraba (0 viktwa nan 7 match) 2-1 gras ak yon double Rafael Leão, youn ladan yo sou penalite, premye penalite li choute pou Milan depi lè li vini nan ekip la. Milan te rantre nan match la pandan yo te konnen yon viktwa t ap bay yo tèt klasman an, e se sa yo te fè malgre se te nan difikilte.

7èm jounen an ap fini jodi a kote US Cremonese ki ap fè yon bèl kòmansman sezon ap resevwa Udinese a 2:45 PM. Yon viktwa ap mete Cremonese a 12 pwen.

Men kòman klasman chanpyona a ye pou kounya:

1- Milan 16 pwen +7
2- Inter 15 pwen +10
3- Napoli 15 pwen +5
4- Roma 15 pwen +4
5- Bologna 13 pwen +6
6- Como 12 pwen +4
7- Juventus 12 pwen +2

Ak 3 ekip kounya ki gen sèlman yon grenn pwen ki separe yo, pa gen maj pou erè. Depi pye w glise yo pran devan w. Sezon an long, Juventus ki gen 4 pwen dèyè ploton an se youn nan ekip gen objektif chanpyon tou, kidonk yo pa ko deyò nan batay la.

Pami ekip sa yo se sèl Milan ki p ap jwe konpetisyon UEFA. Yo ap gen mwens fatig, èske sa kapab yon avantaj pou yo nan kous la?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )