ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Mike Maignan montre mekontantman l kont abit rankont fas Genoa a

imaj atik la

10 janvye 2026   Neuvième Junior   820

Pandan semèn lan, Milan AC ki te kòmanse ak yon dominasyon nan seri A, retwouve l nan yon sitiyasyon ki vle mete enkyetid aprè 19 jounen. E nan dènye pèfomans klèb la kont Genoa (1-1), Mike Maignan lanse yon pwopo pou montre jan li pa kontan ak abit ki t ap dirije rankont lan.


Pandan semèn lan, Milan AC ki te kòmanse ak yon dominasyon nan seri A, retwouve l nan yon sitiyasyon ki vle mete enkyetid aprè 19 jounen. E nan dènye pèfomans klèb la kont Genoa (1-1), Mike Maignan lanse yon pwopo pou montre jan li pa kontan ak abit ki t ap dirije rankont lan.

Fas Genoa, Milan AC konnen yon match nil (1-1) ki pa ditou favorab pou yo nan kous la. Aprè fo pa sa, entènasyonal fransè a Mike Maignan te vrèman nève pou fason Mairizio Mariani te pran desizyon pou akòde yon penalite ak klèb Genoa a.

Chwa sa abit rankont lan te fè a, te vini nan fen match la kote li te sifle yon penal an favè klèb Genoa a. Men atakan woumen an, Nicolae Stanciu te voye balon sa sou tèt kan e rate okazyon pou te bay viktwa ak klèb li. Pou te montre mekontantman sa, pòtye milanè a te trete Mariani pitit pi***, e menm trete manman abit la kom pi***, nan moman li t ap antre nan vestyè a ak Adrien Rabiot bò kote l.

Rosoneri yo ki te sibi ouvèti eskò a nan 28èm minit gras ak yon gòl Lorenzo Colombo te fè, e ki pa t gen chwa apa de konte sou Rafael Leão pour egalize nan fen match 90+2èm minit, Milan vin okipe dezyèm plas la ak 3 pwen an mwens Inter Milan.

Avèk rezilta 19èm sòti yo, Massimiliano Allegri konnen yon 17èm rankont konsekitif san defèt (11 viktwa e sis match nil). Malerezman yo pèdi 2 pwen ki enpòtan pou ekip la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou